Le Parc mémorial Mudaimh a pour mission de sauvegarder et de valoriser le patrimoine musical haïtien. 

samedi 18 avril 2026

Tan rive pou nou aji ansanm

 Tan rive pou nou aji ansanm


Okap Ayisyen, 18 avril 2026 — Parc Mémorial MUD’AIMH lanse yon apèl nasyonal bay tout aktè kiltirèl yo pou patisipe nan yon gwo tab wonn ki pwograme 21 jen 2026 nan Okap Ayisyen, nan kad lansman mouvman “Memwa Mizikal Ayiti 2030”.

Inisyativ la vize mobilize mizisyen, jounalis, sosyològ, etnològ, kritik mizikal, otorite lokal yo, pati politik yo ak fanmi atis yo pou reflechi ansanm sou kestyon sant rechèch espesyalize, rekonesans atis yo, konsèvasyon eritaj mizikal peyi a, ki dapre òganizatè yo, ap sibi yon degradasyon rapid.

“Achiv yo gaye, istwa yo pa ase dokimante, epi yon gwo pati nan patrimwàn mizikal la rete vilnerab,” dapre Abdience Obin, PDG Parc Mémorial MUD’AIMH, ki souliye ijans pou mete an plas yon estrateji nasyonal solid.

Tab wonn nan pral sèvi kòm yon espas deba ak echanj lide sou pi gwo defi ki genyen nan domèn nan, pandan yon manifès nasyonal ap prezante kòm dokiman referans pou trase gwo liy yon plan estriktire ki vize sove, òganize ak transmèt memwa mizikal ayisyen an bay jenerasyon k ap vini yo.

Òganizatè yo ensiste sou enpòtans mobilizasyon kolektif la, pandan yo raple ke “san memwa, pa gen mizik; san mizik, pa gen idantite”.

Randevou 21 jen an prezante kòm yon etap kle nan konstriksyon yon vizyon alontèm pou prezèvasyon patrimwàn mizikal Ayiti.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Tan rive pou nou aji ansanm

 Tan rive pou nou aji ansanm Okap Ayisyen, 18 avril 2026 — Parc Mémorial MUD’AIMH lanse yon apèl nasyonal bay tout aktè kiltirèl yo pou pati...